top of page

Kijan Pou Vin Yon Bon Trader: Gid Pou Ayisyen Ki Enterese Nan Trading Ak Envestisman

  • Jan 14
  • 3 min read

Updated: Feb 13

Pou vin yon bon trader, pa sifi pou konnen kijan pou klike Buy oswa Sell. Trading se yon konbinezon konesans teknik, konpreyansyon ekonomik, planifikasyon, kontwòl risk, ak fòs mantal. Tout eleman sa yo mache ansanm. Si youn manke, tout estrikti a vin fèb.


Ann kraze chak pilye trader la youn apre lòt.


1. Technical Analysis (Analiz Teknik)


Analiz teknik se langaj mache a. Se fason trader li pri a sou chart la.


Li baze sou:


  • Price action (kijan pri deplase)

  • Support & Resistance

  • Trend (haussier, baissier, range)

  • Chart patterns

  • Indicators (EMA, RSI, MACD, elatriye – si w chwazi sèvi ak yo)


🔹 Pou yon debitan

Analiz teknik ede w konprann kote mache a ye ak sa li ka fè apre.


🔹 Pou yon trader avanse

Li vin tounen yon zouti presizyon pou:


  • Timing antre

  • Jere risk

  • Amelyore RR (Risk/Reward)


👉 San analiz teknik, w ap antre nan mache a tankou yon moun k ap kondwi je fèmen.


2. Fundamental Analysis (Analiz Fondamantal)


Analiz fondamantal se poukisa mache a ap deplase.


Li konsidere:


  • Nouvèl ekonomik (NFP, CPI, Interest Rates)

  • Politik monetè (Bank Santral)

  • Ekonomi mondyal

  • Risk geopolitik


🔹 Pou yon debitan

Li ede w evite pran trade kont gwo nouvèl ki ka detwi kont ou.


🔹 Pou yon trader avanse

Li sèvi pou:


  • Konprann direksyon long tèm

  • Konbine ak analiz teknik pou pran pi bon desizyon


👉 Teknik di kijan, fondamantal di poukisa.


3. Strategy & Planning (Estrateji ak Planifikasyon)


Yon trader san estrateji se tankou yon biznis san plan.


Yon bon estrateji gen ladan:


  • Règ antre

  • Règ sòti

  • Timeframe klè

  • Orè trading

  • Kondisyon mache w ap trade


Plan trading nan dwe reponn ak kesyon sa yo:


  • Kilè mwen trade?

  • Ki setup mwen chèche?

  • Ki risk mwen pran pa trade?

  • Kilè mwen pa trade ditou?


👉 Si w pa gen plan, w ap swiv emosyon, pa mache a.


4. Risk Management (Jesyon Risk)


Risk management se sa ki fè w rete vivan nan mache a.


Prensip kle yo:


  • Pa riske plis pase 1–2% pa trade

  • Toujou sèvi ak Stop Loss

  • Kalkile lot size avan ou antre

  • Pwoteje kapital an premye, pwofi vin apre


🔹 Trader ki pa jere risk:

  • Ka genyen jodi a

  • Men li disparèt demen


👉 Objektif #1 trader la se pa fè lajan, se pa pèdi kont lan.


5. Back-Testing ak Jounal Trading


🔹 Back-Testing


Se teste estrateji w sou done pase yo pou wè:


  • Konbyen li genyen

  • Konbyen li pèdi

  • Ki drawdown li genyen

  • Si li vo riske lajan reyèl


🔹 Jounal Trading


Yon Jounal Trading se glas ou:


  • Pou wè erè w

  • Pou suiv pwogrè w

  • Pou konprann konpòtman w


Yon bon journal Trading dwe gen ladann:


  • Screenshot trade

  • Rèzon antre

  • Emosyon avan/apre

  • Rezilta final


👉 Trader ki pa fè journal repete menm erè yo san yo pa rann yo kont.


6. Psychology & Mindset


Sa a se pi gwo diferans ant trader ki echwe ak trader ki reyisi.


Mache a teste:


  • Pasyans ou

  • Disiplin ou

  • Ego ou

  • Kapasite w pou aksepte pèt


Ou ka gen pi bon estrateji, si mindset ou fèb:


  • W ap overtrade

  • W ap revenge trade

  • W ap chase mache a


👉 Trading se plis sou kontwòl tèt ou pase sou kontwòl mache a.


Kalite Mantal yon Bon Trader


Sa yo se baz karaktè yon trader pwofesyonèl:


Discipline


Fè sa plan an di, menm lè emosyon w vle fè lòt bagay.


Pasyans


Pa tout moman ki bon pou trade. Pafwa pi bon trade la se pa trade.


Focus


Pa sote estrateji. Pa swiv bri sou rezo sosyal.


Konfidans


Gen konfyans nan plan ou, pa nan chak trade.


Konsistans


Fè menm bagay la byen, chak jou. Pa chèche jackpot.


Kontrole Emosyon Ou


Aprann pèdi san fache, genyen san vin egoyis.


Konklizyon


Yon TRADER konplè se pa yon moun ki jis konnen chart. Se yon moun ki metrize:


  • Analiz teknik

  • Analiz fondamantal

  • Estrateji ak plan

  • Jesyon risk

  • Back-testing & journaling

  • Sikoloji ak disiplin


Trading se yon maraton, pa yon sprint. Mache a ap toujou la. Kesyon an se: Eske ou pare pou rete ladann ase lontan pou reyisi?


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

Voye yon mesaj epi an nou diskite sou estrateji Trading Forex ak Envestisman kripto

© 2025 The FXKADASH Academy powered by KADASH ENTERPRISES GROUP LLC. All rights reserved.

bottom of page