top of page

Siw Vle Vinn Yon Trader: Konprann Sa Mo "Trader" la Reprezante

  • Dec 14, 2025
  • 3 min read

Updated: Jan 14

Nan dènye ane yo, mo TRADER a tounen yon bagay tout moun ap itilize. Sou rezo sosyal yo, yo montre nou rèv, kijan lajan fèt fasil nan trading. Yo montre machin liks, vwayaj, ak bèl kay. Gen moun ki fè kwè trading se yon jwèt oswa yon bouton majik pou sòti nan povrete. Men, verite a diferan anpil.


Trading pa fasil. Li pa baze sou chans. Se pa yon blag. Se pa yon blof. Si ou vle vin yon trader serye, ou bezwen konprann sa mo TRADER la reprezante vrèman. Chak lèt gen yon sans. Chak prensip mande travay, pasyans, ak disiplin.


T – Konfyans


Premye batay yon trader se konfyans.


  • Konfyans nan plan ou

  • Konfyans nan analiz ou

  • Konfyans nan pwosesis la


San konfyans, ou pap janm respekte plan ou. Ou pral antre nan trade ou san konprann, fè revenge trading, oswa kite emosyon ak laperèz dirije desizyon ou.


Konfyans pa vini paske ou genyen 2 oswa 3 trade. Oubyen paske ou gen kèk ane depi wap trade. Li vini ak repetisyon yon Plan, ki baze sou estatistik ak not ou ekri chak jou nan jounal ou. Ou bati konfyans lè ou wè plan ou fonksyone sou tan, pa sou emosyon.


Yon trader ki pa gen konfyans se yon trader ki toujou ap chanje estrateji.


R – Risk


Trading se jesyon risk. Sa ki fè ou rete vivan se pa chans. Si ou pa konprann risk, ou pap dire lontan.


  • Konbyen ou riske pa trade?

  • Ki rapò risk/reward ou?

  • Èske yon sèl trade ka detwi kont ou?


Trader pwofesyonèl panse an pousantaj, pa an emosyon. Yo konnen pèdi se yon pati nan jwèt la. Si ou pa pare pou pèdi ti lajan, ou pa pare pou jere gwo lajan.


Risk se sa ki fè diferans ant yon gambler ak yon trader.


A – Aksyon


Konnen pa ase. Gade videyo pa ase. Swiv signal pa ase. Ou dwe fè aksyon.


  • Backtest

  • Forward test

  • Kreye yon jounal pou ekri tout trade ou yo

  • Analize erè ou


Anpil moun di yo ap aprann trading, men yo pa janm louvri yon grafik pou etidye seryezman. Aksyon vle di travay lè pèsonn pa wè ou. Lè pa gen like, pa gen view, pa gen bri.


San aksyon, konesans rete teyori.


D – Disiplin


Disiplin se sa ki fè lajan rete sou kont lan.


  • Rete deyò lè se pa setup ou

  • Pa overtrade

  • Pa kouri dèyè mache a

  • Respekte stop loss ou


Disiplin pa vle di ou pa fè erè. Li vle di ou korije yo rapid. Anpil moun pèdi pa paske yo pa konn trade, men paske yo pa respekte règ yo.


San disiplin, menm pi bon estrateji a pa vo anyen.


E – Edikasyon


Trading se yon metye. Tout metye mande fòmasyon.


  • Konprann mache yo

  • Konprann fondamantal

  • Konprann teknik

  • Konprann sikoloji


Edikasyon pa janm fini. Mache a chanje. Ou dwe chanje tou. Pa kite blofè vann ou rèv san fondasyon. Yon bon trader se yon etidyan pou lavi.


Si ou sispann aprann, mache a ap peni ou.


R – Repete


Siksè nan trading pa soti nan yon gwo trade, men nan repete bon abitid.


  • Menm plan

  • Menm risk

  • Menm disiplin

  • Menm analiz


Jou apre jou. Semèn apre semèn. Se pa moun ki pi entèlijan ki reyisi, se moun ki konsekan. Repete pwosesis la jiskaske rezilta yo vin inevitab.


Konklizyon


Trading se pa yon mirak. Se pa yon chemen kout. Se yon wout ki mande:


  • Pasyans

  • Travay

  • Kontwòl tèt ou

  • Akseptasyon pèt


Si ou pare pou sa, trading ka vin yon metye serye. Si ou ap chèche fè lajan fasil, mache a ap moutre ou yon leson ki chè.


Trading pa pou tout moun, men li posib pou moun ki respekte pwosesis la.


Recent Posts

See All

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

Voye yon mesaj epi an nou diskite sou estrateji Trading Forex ak Envestisman kripto

© 2025 The FXKADASH Academy powered by KADASH ENTERPRISES GROUP LLC. All rights reserved.

bottom of page