top of page

Powell Anba gwo Presyon: Ekonomi Ameriken an VS Enflasyon ki Bese epi kap Ralanti Grav.

  • Feb 13
  • 3 min read


Dènye done sou enflasyon Etazini yo mete Jerome Powell ak Federal Reserve nan yon pozisyon delika. Pandan enflasyon ap montre siy klè: Ralantisman, lòt pati nan ekonomi an ap bay siyal feblès ki pa ka inyore.


Kesyon kle a se sa :

👉 Èske FED la te sere politik monetè a twòp… e twò lontan ?



Enflasyon: Done yo Pale Klè


Dapre dènye piblikasyon ofisyèl yo :


  • CPI (Consumer Price Index): 2.4 %, pi ba pase atant mache a (2.5 %)

  • Core CPI (san manje ak enèji): 2.5 %, an liy ak atant yo


Sa yo se pa ti chif senp.


🔹 CPI a rive nan pi ba nivo li depi avril 2025, jis anvan politik tarif yo te kòmanse peze sou pri yo.

🔹 Core CPI a, ki se yon endikatè FED la plis suiv, retounen nan nivo ke yo pat wè depi prèske 5 lane, peryòd kote ekonomi ameriken an te prèske an “poz” pandan lockdown yo.


👉 Sa vle di presyon pri yo pa ap monte, okontrè, yo ap bese piti piti — malgre diskou ofisyèl FED la ki te fè kwè enflasyon ka retounen pi cho.



Ekonomi Reyèl la: Lòt Fas Meday la

Pandan enflasyon ap refwadi, fondasyon ekonomi an ap tranble.


1️⃣ Mache Travay la Ap Fèb

Kwasans travay yo ap ralanti, revizyon done yo montre mwens solidite pase sa tit nouvèl yo te fè kwè. Sa se souvan premye siy yon sik ekonomik kap chanje direksyon.


2️⃣ Dèt Konsomatè An Danje

  • Reta sou kat kredi ap ogmante

  • Fanmi yo ap lite pou jere depans chak jou


    Sa montre presyon finansye dirèk sou konsomatè ameriken an.


3️⃣ Fayit Konpayi yo Ap Ogmante

Plizyè rapò montre fayit antrepriz yo ap pwoche nivo kriz finansye 2008 la. Sa se yon siyal grav ki pa dwe minimize.



⚠️ Erè Politik Monetè?

Si nou gade istwa resan an :


  • 2020–2021: FED la te rete dovish twò lontan → sa te alimante gwo vag enflasyon

  • 2023–2025: FED la rete hawkish twò lontan → ekonomi an kòmanse soufri


👉 Sa bay enpresyon FED la toujou an reta, swa nan direksyon monte, swa nan direksyon desann.


Daprè mwen Risk prensipal jodi a pa enflasyon, men pito:


Yon Deflasyon oswa yon ralantisman ekonomik sevè


Sa pi danjere paske li frape:

  • Travay

  • Revni

  • Konsomasyon

  • Mache finansye yo an...



🗣️ “Too Late Powell” – Yon Kritik ki Pran Sans?


Nan kontèks sa a, kritik Prezidan Etazini a Donald Trump te fè sou Chèf FED la “Too Late Powell” sanble pran plis pwa chak jou.


Menm si deklarasyon sa yo gen dimansyon politik, done makroekonomik yo montre:

👉 Politik monetè FED la sanble deja twò restriktif pandan aktivite ekonomi an ap frèt.



Sa Sa Vle Di Pou Mache yo?

Pou traders ak envestisè :

  • 📉 Obligasyon yo ka kontinye pran fòs si mache a antisipe koupe to

  • 💵 Dola ameriken an ka vin pi fèb si FED la chanje ton

  • 🪙 kripto ak Mache Stock yo ka reyaji fò sou nenpòt siy pivot FED


Tout bagay ap depann de timing:

➡️ Kilè FED la ap rekonèt ke batay kont enflasyon an prèske fini ?



Konklizyon

📌 Enflasyon ap bese klèman

📌 Ekonomi reyèl la ap montre siy fatig

📌 Politik monetè a ka vinn yon chay olye de yon solisyon


FED la ap mache sou yon fil trè mens. Yon move mouvman — twò ta oswa twò vit — ka akselere ralantisman an.


Pou kounye a, done yo ap voye yon mesaj senp men fò :

👉 Pwoblèm lan pa enflasyon ankò. Se kwasans ekonomik la.




📌 Note pou lektè yo

Analiz sa a baze sou done piblik, rapò ofisyèl, ak obsèvasyon makroekonomik. Li pa yon konsèy finansye. Mache yo ka reyaji rapidman selon nouvo done oswa chanjman nan politik monetè yo.




📚 Sources & Références


U.S. Bureau of Labor Statistics (BLS)

Consumer Price Index (CPI) & Core CPI Reports

👉 Sous ofisyèl done enflasyon Etazini yo.

Federal Reserve

FOMC Statements, Monetary Policy Reports

👉 Diskou ak pozisyon ofisyèl FED sou enflasyon, to enterè, ak politik monetè.

Reuters

U.S. Inflation, Labor Market, Consumer Credit & Corporate Bankruptcy Coverage

👉 Analiz makroekonomik ak done verifye sou ekonomi ameriken an.

Federal Reserve Bank of New York

Household Debt and Credit Report

👉 Done sou kat kredi, delenkans, ak presyon sou konsomatè yo.

U.S. Bankruptcy Courts

Corporate Bankruptcy Filings

👉 Estatistik ofisyèl sou fayit konpayi yo.

Conference Board

Leading Economic Indicators (LEI)

👉 Endikatè avanse sou ralantisman ekonomik ak risk resesyon.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

Voye yon mesaj epi an nou diskite sou estrateji Trading Forex ak Envestisman kripto

© 2025 The FXKADASH Academy powered by KADASH ENTERPRISES GROUP LLC. All rights reserved.

bottom of page