top of page

Ponzi Scheme: Ka LSSC Yon Leson Sou istwa moun ki vle vinn rich rapid...

  • Aug 18, 2025
  • 3 min read

Updated: Sep 14, 2025


Ponzi Scheme nan kominote ayisyenn nan: Imaj yon gason k ap reflechi ak yon sak lajan.


Nan dènye ane sa yo, teknoloji pote anpil opòtinite pou fè lajan sou entènèt la. Men, ansanm ak opòtinite sa yo, gen anpil fòs kache kap tann ou. Youn nan sa ki pi danjere se Ponzi Scheme.


Nan atik sa a, w ap aprann:

  • Ki sa ki yon Ponzi Scheme

  • Kijan LSSC (Loyalty Success Smart Community) fonksyone

  • Istwa yon moun ki tonbe ladan li

  • Leson nou ka aprann

  • Konsèy pou pwoteje tèt ou kont magouy sou entènèt la


1. Ki sa ki yon Ponzi Scheme?

Definisyon senp: Yon Ponzi Scheme se yon plan kote moun ki rantre an premye a peye ak lajan nouvo moun ki rantre apre yo. Pa gen pwodwi, sèvis, oswa aktivite biznis reyèl. Lè nouvo moun pa ase, sistèm nan kraze e tout moun pèdi lajan.

Kote non an soti? Charles Ponzi, nan ane 1920 yo, te pwomèt 50% pwofi nan 45 jou. Li te peye moun nan kòmansman — men se te jis yon manti.


2. Ki sa ki LSSC?

LSSC: Se yon Fwòd k’ap Maské kòm Solidarite LSSC (Loyalty Success Smart Community) te prezante kòm yon “kominote entèlijan” avèk buzzwords tankou:

  • “Frè ak sè kap ede frè ak sè”

  • “Don volontè”

  • “Smart contract”

  • “Blockchain”

Men, pa gen blockchain vre dèyè li, ni biznis. Se te jis yon fason pou atire lajan moun.


3. Istwa Jefferson

Jefferson, se yon jèn gason Ayisyen, kite panse li te jwenn solisyon pou fanmi li.

Orijin li: 27 an, lap viv Delmas, Ayiti. Li te pèdi travay li apre kriz 2021 lan, li te fè ti komès li sou Facebook, men sa pat ase. Yon jou li wè yon post sou WhatsApp:

“Antre ak $1000. Resevwa $2000 nan 5 jou. Kominote entèlijan sou blockchain. Solidarity only. LSSC.”

Premye Antre: Jefferson mete 1000Usdt. 5 jou apre li resevwa $2000 sou sistem nan. Li mete $1000 ankò, resevwa $2000 apre 6 jou. Li kòmanse envite zanmi, epi yo tout touche.

Kòmansman Fen-an: Lè li re-envesti tout lajan:

  • Pa gen konfimasyon

  • Repons pran tan

  • Admin disparèt sou Telegram

7 mwa apre, LSSC fèmen pòt li, Jefferson pèdi plis pase $2,000. Fanmi ak zanmi li yo te facheak li , li tonbe nan depresyon.


4. Leson Aprantisaj

Leson Jefferson aprann:

  • Lajan pa fèt fasil

  • Pa mete tout konfyans ou nan rezo sosyal

  • Verifye tout opòtinite

  • Ponzi Scheme pa gen aktivite reyèl

  • Pa janm mete non ou kòm garanti pou lòt moun


Aprantisaj pratik:

  • Si twò bèl pou li vre, li pa vre

  • Fè rechèch sou Google, Trustpilot, Reddit, YouTube

  • Si pa gen pwodwi oswa sèvis, sispèk

  • Ou ka pèdi plis pase sa ou mete


5. Analiz Fonksyonman LSSC

LSSC te yon Ponzi Scheme maské ak buzzwords:

  • Blockchain: pa gen smart contract verifyab

  • Kominote entèlijan: baze sou peye lòt moun

  • Solidarite: sèvi ak ou pou jwenn plis moun


6. Ki jan pou w pwoteje tèt ou?

5 verifikasyon esansyèl:

  1. Ki kote pwofi a sòti?

  2. Eske ou ka verifye konpayi a sou Google?

  3. Eske yo mete presyon pou w envite plis moun?

  4. Eske yo sèvi ak mo tankou “don” san sans?

  5. Eske gen transparans sou ki moun ki dèyè konpayi an?


7. Pawòl ki Soti nan bouch Viktim yo

“M te panse se blockchain… men m te fè erè. M pèdi ekonomi pitit mwen.” — Magdala, 34 an, Okay
“Tout tan ou pa konprann kote pwofi a sòti, ou ka pèdi tout.” — Rony, 41 an, Pòtoprens

8. Konklizyon

Nan chache pou soti nan povrete, fasil pou kwè nan “mirak”. Men anpil mirak se manipilasyon. LSSC te sèvi ak manti, presyon sosyal, ak teknik manipilasyon pou pran lajan moun. Ak edikasyon, nou ka devlope jijman finansye solid epi evite pyèj sa yo.


9. Bonus: Konsèy pou Jèn Kap Chèche Lajan Sou Entènèt

  • Aprann trade Forex oswa kripto

  • Fè freelancer (design, coding)

  • Dropshipping / print on demand

  • Kreye kontni sou rezo sosyal

  • Sèvi ak platfòm reglemante tankou Upwork oswa Fiverr

  • Monetizasyon legal san kenbe stòk


Pale, pataje, pwoteje lòt moun.

Pataje atik sa a ak fanmi ak zanmi pou yo pa tonbe nan menm pyèj la.

“Edikasyon se sèl zouti ki ka libere yon pèp kont esklavaj finansye.”

FXKADASH Academy dedye pou edike kominote Ayisyen sou danje ak opòtinite finans modèn.


Djine Claudy Lares



Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

Voye yon mesaj epi an nou diskite sou estrateji Trading Forex ak Envestisman kripto

© 2025 The FXKADASH Academy powered by KADASH ENTERPRISES GROUP LLC. All rights reserved.

bottom of page