Venezyela vire sou kripto: USDT ap ranplase dola pandan bolívar ap pèdi valè
- Sep 4, 2025
- 2 min read
Updated: Sep 14, 2025

Venezuela ap viv youn nan kriz ekonomik ki pi grav nan mond lan. Sanksyon entènasyonal yo koupe aksè peyi a ak dola ameriken, tandiske bolívar la pèdi tout fòs li kòm mwayen echanj. Nan mitan sitiyasyon sa a, anpil biznis ak sitwayen vire tèt yo sou kriptomonè, espesyalman USDT (Tether), kòm yon zouti pou kenbe valè ak fè tranzaksyon. Sa pa sèlman yon chanjman finansye, men yon revolisyon nan fason moun ap sèvi ak lajan chak jou.
Sanksyon yo ak feblès dola a
Depi plizyè ane, sanksyon entènasyonal yo koupe Venezuela nan sistèm finansye mondyal la. Sa fè bank yo gen gwo limit pou jwenn oswa itilize dola ameriken. Biznis ki bezwen achte materyèl oswa peye founisè aletranje jwenn anpil baryè. Anplis de sa, bolívar ki se monè peyi Venezyela kontinye ap pèdi valè, fè lajan lokal la vin prèske initil pou tranzaksyon serye.
Kripto kòm yon chimen sovtaj
Nan yon ekonomi ki ap bese konsa, kriptomonè yo vin tounen yon zouti pratik:
USDT (Tether) sèvi kòm yon lajan ki estab, marye ak dola ameriken. Sa bay moun yo plis konfyans.
Biznis yo itilize stablecoin pou peye Travayè ak founisè entènasyonal.
Anpil moun k ap viv nan dyaspora sèvi ak kriptomonè pou voye lajan bay fanmi yo san yo pa bezwen pase nan sistèm bankè ki gen gwo restriksyon.
Adopsyon ki ap eksploze
Dapre dènye done yo, adopsyon kripto nan Venezyela ogmante plis pase 110% nan yon ane. Sa vle di de pli zan pli, moun yo ap vire do yo bay bolívar, pou chèche yon lajan ki kenbe valè.
Jèn antreprenè yo deja resevwa pèyman dirèk an USDT.
Ti biznis yo aksepte kripto kòm fòm pèyman regilye.
Travayè yo prefere touche yon pati nan salè yo an stablecoin olye de bolívar.
Siyifikasyon pou mond lan
Venezyela tounen yon ka etid enpòtan ki montre kijan kriptomonè ka sèvi kòm yon sistèm paralèl lè ekonomi tradisyonèl yo echwe.
Li bay prèv ke kripto se pa sèlman yon envestisman, men li ka yon zouti pou siviv ekonomik.
Li louvri pòt pou lòt peyi ki ap fè fas ak kriz oswa enflasyon pou konsidere menm apwòch la.
Li mete presyon sou bank santral yo atravè mond lan pou yo reflechi sou wòl lajan dijital...
Konklizyon
Pou anpil moun nan peyi Venezyela, kripto se pa yon chwa liks, men yon nesesite pou viv chak jou. Pandan sanksyon yo ap kontinye ak valè bolívar ki toujou ap bese, USDT ak lòt stablecoin yo vinn chita sou premye plan nan sistèm finansye peyi a. Se yon egzanp fò sou kijan teknoloji blockchain ka chanje lavi moun lè tout lòt opsyon yo kraze.



Comments